Vin Selebre Jounen Lang Kreyòl la ak KOMALAK ak Konte Montgomery a
An nou selebre lang kreyòl la pou nou ka pwoteje eritaj nou
Nou kontan envite w nan yon gwo selebrasyon pou montre fòs ak richès lang ak kilti Kreyòl nou an!
KOMALAK ak Konte Montgomery ap òganize Jounen Kreyòl Komunote Karayib la. Se pa sèlman yon fèt; se yon moman pou nou di: “An nou selebre lang kreyòl la pou nou ka pwoteje eritaj nou.”
Men sa k ap tann ou:
Mizik ak rit Karayib la
Prezantasyon sou kilti Kreyòl la
Aktivite pou Timoun
Dikte Kreyòl (Creole Dictation) ak anpil lòt sipriz!
Vin pase yon bon moman, aprann plis, e ranfòse lyen nou yo nan kominote a!
Dat: Samdi 25 Oktòb 2025
Lè: 5 è diswa – 8 è diswa
Ki Kote: Isiah “Ike” Leggett Executive Office Building ODITORYÒM 101 Monroe Street, 2yèm Etaj, Rockville, MD 20850
Pakin disponib nan garaj ki sou wout Monroe Street East, Jefferson Street, ak Fleet Street la.
Pou plis enfòmasyon, vizite sitwèb nou an: https://zoutikreyol.com
N ap tann ou!

e ansyen chèf deta peyi Afrikdisid, Nelson Mandela ki te mennen yon konba fèm pou ranplase rejim divizyon ki te separe sitwayen blan ak nwa nan peyi a, ak yon sistèm demokrasi ki rasanble tout moun kelkeswa koulè po w. 11 fevrye ki pase a make liberasyon Nelson Mandela nan prizon Afrikdisid. Katran apre sa, nan dat 27 avril 1994, li te ranpòte eleksyon pou l vin premye prezidan nwa nan Afrikdisid. Kounye la a, dat 27 avril la tounen on jounen konje nan peyi a, ki rele Jounen Liberasyon an.