KEK ERO MWA ISTWA NWA YO

Dekouvri kèk ero mwa Istwa nwa yo:

NELSON MANDELA – Lemonn antye gen gwo konsiderasyon pou lidè nwaKek ero mwa istwa nwa e ansyen chèf deta peyi Afrikdisid, Nelson Mandela  ki te mennen yon konba fèm pou ranplase rejim divizyon ki te separe sitwayen blan ak nwa nan peyi a,  ak yon sistèm demokrasi ki rasanble tout moun kelkeswa koulè po w.  11 fevrye ki pase a make liberasyon Nelson Mandela nan prizon  Afrikdisid.  Katran apre sa, nan dat 27 avril 1994, li te ranpòte eleksyon pou l vin premye prezidan nwa nan Afrikdisid.  Kounye la a, dat 27 avril la tounen on jounen konje nan peyi a, ki rele Jounen Liberasyon an.

ROSA PARKS – Se te yon militan pou dwa Afro-Ameriken yo ki te lite e pwoteste san rete pou nwa yo te kapab itilize san restriksyon sistèm transpò piblik vil Montgomery nan Alabama.  Pou angajman Rosa Parks pou triyonf dwa kominote nwa a, kongrè ameriken an te ba li 2 tit sa yo:<Premyè dam> pou mouvman egalite rasyal la nan Etazini, e manman mouvman liberasyon an.

WANGARI MAATHAI – Premye fanm afriken ki te resevwa  “Pri Nobèl Lapè a” pou kontribisyon l nan avansman sistèm devlopman dirab la ak triyonf demokrasi ak lapè nan peyi Kenya.

MARCUS GARVEY – Yon natif peyi Jamayik e nasyonalis nwa ki te kreye e ankouraje mouvman pou nwa retounen sou kontinan afriken an.  Marcus Garvey te reprezante yon gwo senbòl pou jenn militan pou dwa moun nan peyi Etazini.

 

Se kèk ero mwa istwa Nwa yo.

===========
Fred Williams
Rezèvwa Zouti Kreyòl
enfo@zoutikreyol.com