FEVRIYE – MWA ISTWA NWA YO

Orijin selebrasyon mwa istwa Nwa yo

Se nan ane 1926 premye selebrasyon Istwa Nwa yo te deroule isit Ozetazini. Li te dire yon semèn. Yo te òganize selebrasyon sa a pou montre ròl enpòtan Afro-Ameriken yo te jwe nan istwa fondasyon Lèzetazini.

Depi ane 1915, senkantan apre Lèzetazini te mete fen nan mouvman lesklavaj la sou teritwa peyi a, kèk militan pou dwa moun t ap reflechi sou nesesite pou yo fè konnen istwa ak reyalizasyon kominote nwa a. Se konsa istoryen Carter G. Woodson ki te diplome nan inivèsite Harvard nan eta Massachussets te met sou pye ak kèk lòt kòlèg “Asosyasyon pou Etid sou Istwa Ameriken nwa yo”. Se yon fason pou ankouraje pwogram rechèch ak pwomosyon aktivite group afroameriken. Li te la tou pou raple reyalizasyon kominote nwa a  nan avansman sosyete ameriken an. Dapre pwofesè Carter, li te enpòtan pou gen yon tan ki konsakre pou reflechi sou istwa kominote nwa a an jeneral. Sa vin pèmèt plis moun pi byen konprann enpòtans travay pwofesyonèl nwa yo. Se nan diferan domèn yo te travay pou benefis tout moun, san distenksyon ras ni klas.

Objektif selebrasyon an

Youn nan presipal objektif doktè Woodson lè l te lanse projè sa a, se te pou l sansibilize edikatè yo. Li te vle met aksan sou nesesite ki poze pou elèv lekòl yo benefisye pwogram ak aktivite nan klas yo sou reyalite lavi ak akonplisman group afroameriken yo.

Òganizatè yo te chwazi dezyèm semèn mwa fevriye a pou selebrasyon Mwa Istwa Nwa yo. Dat sa a kowenside ak dat anivèsè nesans Abraham Lincoln ak Frederick Douglass. Lidè sa yo se te 2 gran konbatan nan lit pou abolisyon lesklavaj. Epitou, gen plizyè lot dat toujou nan mwa sa a ki gen rapo ak sitiyasyon kominote nwa a.

Plizyè gran vil nan peyi Etazini, Kanada, Lafrans, Lalmay ak Langletè, nan kèk peyi afriken e nan rejyon karayib la ap oganize divès aktivite nan okazyon  selebrasyon dat espesyal sa a. Se yon fason tou pou onore kontribisyon kominote nwa a nan istwa inivèsèl la.

Fred Williams
Rezèvwa Zouti Kreyòl
enfo@zoutikreyol.com