Literati Kreyòl

 5èm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl (FEL)

Ofisyèlman, nou lanse aktivite pwomosyon 5èm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl (FEL) k ap dewoule 5 rive 10 desanm 2023. Mèsi paske w ap ede n pataje afich la toupatou. Rete branche sou rezo nou yo pou plis detay konsènan pwochen edisyon premye evènman literati kreyòl nan Karayib la.

Nou kwè ke literati gen pouvwa pou konekte moun epi ankouraje konpreyansyon youn gen de lòt. Festival sa a nou an se yon aktivite pou moun ki renmen literati ayisyèn, kit ou se yon save, yon senp lektè, osinon youn ki ta renmen konnen plis sou rich eritaj literè ayisyen an.

N ap tann ou pou nou selebre bote literati ayisyèn nan ansanm!

Remak: Festival la ap akeyi moun ki soti tout kote epi ankouraje diskisyon nan respè youn ak lòt. Nou apresye kontribisyon tout manm nou yo epi nou vize kreye yon espas kote tout moun ka pataje panse ak lide yo.

https://m.facebook.com/story.php?story_fbid=pfbid0227bkCM6Y7FGJe9nZeSNtMwEEnNXCZLwWtX5kneLJpLgSNyNUX2KAoEHeTeNkbLkbl&id=100063695276121&sfnsn=wa&mibextid=6aamW6