Aktyalite
Panse espesyal pou popilasyon nan rejyon Sidwès la ann Ayiti
KOMITE POU AVANSMAN LANG KREYOL (KOMALAK) gen yon panse espesyal pou popilasyon nan rejyon Sidwès la ann Ayiti.
Pale franse anndan legliz bay gwo pwoblèm
Anpil Pastè ak lòt dirijan toujou preche an fransè nan legliz yo. Nan videyo sa plizyè akademisyen ak yon pastè ap rakonte ki pwoblèm sa bay nan evanjelizasyon fidèl yo.
RALPH LEROY PATISIPE NAN DIZYEM FESTIVAL MOD VIL ATLANTA
Espesyalis mòd ayisyen Ralph Leroy prezante nan mitan mwa davril la yon gwo koleksyon modèl rad pou sezon otòm-ivè 2016-2017 la nan okazyon dizyèm edisyon festival mòd vil Atlanta a. Tèm festival mòd ane sa a nan Atlanta se te: “N ap sèvi ak lamòd pou n poze baz pou konekte kontinan yo“.
Ralph Leroy k ap viv nan vil Montréal nan Canada deja gen renome nan pwovens Québec la apre gwo akey piblik la te fè l nan ane 2009 la nan okazyon prezantasyon yon koleksyon vètman pou gason.
Ralph Leroy ouvè kounye la a yon atelye nan vil Pòtoprens nan peyi Dayiti kote l ap prepare kèk nouvo modèl rad.
Marinelle Jean-Baptiste, mis kreyol Québec 2015 lanse l nan lamòd
Nouvo mis kreyòl Québec la, Marinelle Jean-Baptiste gen anpil enterè nan lamòd; se konsa, ane ki pase a li met sou pye on premye boutik rad li vann sou entènèt anba ansey Black N White Wardrobe. Mis Jean-Baptiste ap travay sou plis pwojè toujou nan domèn mòd la.
Kòm nouvo Mis Kreyòl Québec, Marinelle Jean-Baptiste pran angajman pou l ede kominote karayib la, e sitou jenn yo pou yo pi byen entegre yo nan sosyete kanadyen an.