Vin Selebre Jounen Lang Kreyòl la ak KOMALAK ak Konte Montgomery a
An nou selebre lang kreyòl la pou nou ka pwoteje eritaj nou
Nou kontan envite w nan yon gwo selebrasyon pou montre fòs ak richès lang ak kilti Kreyòl nou an!
KOMALAK ak Konte Montgomery ap òganize Jounen Kreyòl Komunote Karayib la. Se pa sèlman yon fèt; se yon moman pou nou di: “An nou selebre lang kreyòl la pou nou ka pwoteje eritaj nou.”
Men sa k ap tann ou:
Mizik ak rit Karayib la
Prezantasyon sou kilti Kreyòl la
Aktivite pou Timoun
Dikte Kreyòl (Creole Dictation) ak anpil lòt sipriz!
Vin pase yon bon moman, aprann plis, e ranfòse lyen nou yo nan kominote a!
Dat: Samdi 25 Oktòb 2025
Lè: 5 è diswa – 8 è diswa
Ki Kote: Isiah “Ike” Leggett Executive Office Building ODITORYÒM 101 Monroe Street, 2yèm Etaj, Rockville, MD 20850
Pakin disponib nan garaj ki sou wout Monroe Street East, Jefferson Street, ak Fleet Street la.
Pou plis enfòmasyon, vizite sitwèb nou an: https://zoutikreyol.com
N ap tann ou!
