
Aktyalite

RALPH LEROY PATISIPE NAN DIZYEM FESTIVAL MOD VIL ATLANTA
Espesyalis mòd ayisyen Ralph Leroy prezante nan mitan mwa davril la yon gwo koleksyon modèl rad pou sezon otòm-ivè 2016-2017 la nan okazyon dizyèm edisyon festival mòd vil Atlanta a. Tèm festival mòd ane sa a nan Atlanta se te: “N ap sèvi ak lamòd pou n poze baz pou konekte kontinan yo“.
Ralph Leroy k ap viv nan vil Montréal nan Canada deja gen renome nan pwovens Québec la apre gwo akey piblik la te fè l nan ane 2009 la nan okazyon prezantasyon yon koleksyon vètman pou gason.
Ralph Leroy ouvè kounye la a yon atelye nan vil Pòtoprens nan peyi Dayiti kote l ap prepare kèk nouvo modèl rad.
Marinelle Jean-Baptiste, mis kreyol Québec 2015 lanse l nan lamòd
Nouvo mis kreyòl Québec la, Marinelle Jean-Baptiste gen anpil enterè nan lamòd; se konsa, ane ki pase a li met sou pye on premye boutik rad li vann sou entènèt anba ansey Black N White Wardrobe. Mis Jean-Baptiste ap travay sou plis pwojè toujou nan domèn mòd la.
Kòm nouvo Mis Kreyòl Québec, Marinelle Jean-Baptiste pran angajman pou l ede kominote karayib la, e sitou jenn yo pou yo pi byen entegre yo nan sosyete kanadyen an.

YON LIV PWEZI KREYOL POU PREMYE FWA DEPI KIBA (CUBA)
Hilario Batista Felix, yon kiben desandan ayisyen pibliye yon ti liv pwezi ki gen pou tit NOSTALJI SAN PWEN NI VIGIL.
Nou kapab jwenn liv pwezi kreyol sa a nan Libreri KEPKAA nan Montreal (Canada) – Tel. (514) 750-8800; imel: librairie.kepkaa@videotron.ca

AYITI NAN KONKOU ENTENASYONAL “TOASTMASTERS”
Nan dat 20 me k ap vini an, Spencer Aimable ak Vanessa Stimphil pral reprezante Ayiti nan konkou diskou entènasyonal “Toastmasters” ki pral deroule nan Jamayik.
Nan komansman mwa sa a, Spencer Aimable te ranpote premye pri nan konkou diskou a; Vanessa Stimphil li menm te pran premye pri nan konkou evaliyasyon an.
Dezyem etap konkou entènasyonal “Toastmasters” la pral deroule nan peyi Etazini nan mwa out la.

“MISS CREOLE Québec 2015”
Marinelle Jean-Baptiste ranpòte premye plas nan konkou “MISS CREOLE QUEBEC 2015” la ki deroule nan vil Montréal nan Canada. Marinelle Jean-Baptiste sòti nan peyi Dayiti, e l ap viv nan pwovens Québec la depi ane 2009. Li fè etid primè e segondè li Ayiti, apre sa li vin pousuiv fòmasyon inivèsitè li nan “UNIVERSITE DE MONTREAL” kote l ap etidye administrasyon nan “ECOLE DES HAUTES ETUDES COMMERCIALES” (HEC).

Liv Timtim Bwa chèch la an vant
Jounalis Lyonèl Desmarattes ki deja sòti plizyè liv an kreyòl, fèk sòti yon dènye liv ki rele Timtim bwa chèch.
Jan Chache Jan Twouve Lionel Desmarattes Kont Pam Istwa Pam
Jan Chache Jan Twouve Lionel Desmarattes Kont Pam Istwam Pam

Atelye ekriti ak lekti kreyòl
Jou vandredi 6 novanm 2015 la, te ge yon atelye ekriti kreyòl nan Takoma Park, Takoma. Yo ventènn patisipan te patisipe nan ekri ak li lang kreyòl nou an.