Nan peyi Dayiti, Komite pou Akademi Kreyòl la met sou pye on seri aktivite pou valorize lang kreyòl la e sitou sansibilize popilason an sou enpotans pou l enterese li liv ki piblye an kreyòl, nan dat 15 ak 16 oktòb ki pase a. Nan kad aktivite sa a komite a te òganize yon konferans-deba avek kòm tèm : ” Istwa lang kreyòl ak Akademi kreyòl la”.
Nan zile Gwadloup, KONSEY JENERAL la ki an chaj administrasyon zile a ap oganize depi premye pou rive 31 oktob-la, sizyèm edisyon mwa kreyòl la ki gen kòm tèm ane sa a ERITAJ ak KILTI.Nan okazyon sa a y ap rann omaj a Sylvianne Telchid ki piblye anpil liv sou lang kreyòl la e ki se yon poto-mitan nan anseyman kreyòl nan lekol yo. Anpil lot aktivite nan pwogram sizyèm edisyon mwa kreyòl la nan Guadloup, tankou konferans, ekspozisyon liv kreyòl, dikte kreyòl, sinema kreyòl ak ekspozisyon penti.
Nan vil Sainte-Luce nan Matinik, asosyasyon TOUS CREOLES oganize nan dat 26 oktòb la on gwo manifestasyon kiltirèl ki rele Pawòl Kreyòl. Nan pwogram manifestasyon sa-a te genyen yon konferans-deba ki te gen kòm tèm : « Eske Kreyòl se yon lang ki annekzil sou teritwa kote yo pale lang sa-a. ». Selebrasyon sa-a te gen ladann tou pwezi, dans kreyòl, ekspozisyon liv, ak manje kreyòl.
Group mizik ayisyen Tabou Combo anime ane sa-a nan vil Roseau , kapital Ladominik, Festival Mizik Kreyòl la nan dat 24 pou rive 26 oktòb pase a nan kad Selebrasyon Jounen Entenasyonal Kreyòl la nan Ladominik.
Depi lane 2011, 28 Oktòb, jounen entènasyonal kreyòl toujou fete nan Washington DC.
Nan Lane 2011, yon gwo roumble te oganize nan lokal “Howard University”
Nan Lane 2012, yon presentasyon avèk plizyè atis te reyini nan lokal “Eglise Baptiste du Calvaire” pou pale sou lang nan e aprann bonjan zouti pou nou vanse nan pale e ekri lang kreyòl la.
Prezantatè:
Fèt la te fini ak you resepsyon pla kreyòl
Nan lane 2013, yon presentasyon avèk plizyè atis te reyini nan lokal “Eglise Baptiste du Calvaire” pou pale sou lang nan e aprann bonjan zouti pou nou vanse nan pale e ekri lang kreyòl la.
Plizyè bib an kreyòl te distribiye bay legliz nan zòn nan pou yo fè lekti an kreyòl pou fidèl yo, espesyalman pou make jou kreyòl la.
Nan lane 2014, yon sit entènèt vin ede mete sou pye plis estrikti pou fete jounen kreyòl la.
L’histoire de la célébration du créole nous apprend que l’Île de la Dominique célébrait chaque année le créole (Creole Day), le dernier vendredi du mois d’octobre. C’est sur cette donnée historique que, dans la semaine du 22 au 28 mai 1983, à Lafayette en Louisiane, le Comité Bannzil Kréyòl a choisi le dernier vendredi du mois d’octobre comme « Journée internationale du créole ». Depuis, des pays comme les Seychelles, Ste Lucie, les îles Rodrigues et tant d’autres ont fait de cette journée un événement culturel sans précédent dans les annales de la célébration du créole à travers des manifestations significatives.
Dès lors, les créolophones du Canada, notamment ceux du Québec, ont pris l’habitude de célébrer les langues et les cultures créoles le 28 octobre.
Pour respecter cette tradition, le KEPKAA, dans le but de populariser l’événement, a retenu tout le mois d’octobre pour rendre hommage aux langues et cultures créoles.
Depuis le premier lancement du Mois du Créole à Montréal, le 5 octobre 2002, cet événement pluridisciplinaire met l’accent sur toutes les formes d’art : la peinture, la sculpture, le théâtre, la littérature, la musique, l’écriture, la danse, la gastronomie et la mode. C’est ainsi que les créolophones canadiens ont pu redécouvrir tout un pan de leurs identités par le biais de plusieurs activités culturelles.
Les célébrations à Montréal du Mois du créole ont gagné en popularité et suscité l’engouement des créolophones des États-Unis, de la Caraïbe, de l’Europe et des pays de l’océan indien.
Une journée n’était plus assez pour célébrer la culture créole dans toute sa diversité d’où l’idée de consacrer tout le mois d’octobre à la célébration de la langue et des cultures créoles.